Pandan m te nan gwo lotel DoubleTree, nan vil Omaha, Nebraska, mwen we yo gen yon sona pou kliyan yo. Se yon chanm yo chofe a blok pou fe ou sue, yon fason pou elimine toksin ki anndan san ou ak ko ou, epi yon fason pou detann ou, pou lache stres ki akimile anndan sistem ou. Se yon ansyen tradisyon Zanset Amerendyen nou yo te konn fe pou rezon spirityel, pou pirifikasyon, pwoteksyon ak tretman mistik. Yo te konn fe li nan No Ewop tou. Met sou sa, pou mwen se yon remed kont fredi k ap eseye kale m, men mwen pa vle kite l genyen. Monche, m deside m pral fe yon ti kout sona, pou m remete chale anndan mwel zo m ki t ap komanse fe fresko.
Posts Tagged ‘Kreyòl’
Sona nan lotel DoubleTree
Posted by djaloki on April 9, 2008
Posted in Djalòki's writings, Kreyòl | Tagged: Djalòki, Kreyòl, writing | Leave a Comment »